Watch No Thanks

Atansyon pa kapon

01
May

Written by Unknown Author

Le jen fi vle renmen
Pou sa pa bal chagren
Fok li pa janm chwazi
Ninpot premye vini

Atansyon pa kapon
Gen anpil madichon
Pou tout moun ki pa saj
Kap pase vye mennaj

Konbyen mennaj ou fe
Ou menm bel ti kome
Konbyen fanm ou tronpe
Ou menm gason kode
Jou a gen poul rive
Pou pie’w sispann gaye
Le sa a wa reflechi
Anba traka la vi

Anpil fanm ap kriye
Yap rele dlo nan je
Paske tan an fin pase
Yo youn pa ka marye

Nou jwenn yo toupatou
Nan chimen nan lakou
Kay ougan, kay Paste
Yap kriye ak regre

Mariaj pa gen bone
Le moun yo san respe
Moun fet pou byen marye
Pou kay la pa kraze

Se bagay ki pi red
Le fanm komanse led
Le jenes li bwe grog
Nan bouch neg demagog

Nou menm kek ti medam
Nan lanmou kap fe gam
Sonje tan an pral pase
Fok nou prese chanje

Gason se kalalou
Yo glise toupatou
Yo pran chok anretou
Anba fanm bakoulou

Gason ta respekte w
Anpil ta onore w
Ou ta sispann chagren
Nan panse pou demen

Se bagay ki pi di
Le fanm tounen grigri
Nan men neg boulatya
Kap souse’l kou baka

Pran anpil prekosyon
Le wap chwazi zanmi
Gen anpil se demon
Kap vole gro midi

Le yo fin betize
Nan mache pye gaye
Yo pa ta janm vle we
Yon lot fi jwenn bone

Atansyon pa kapon
Pran anpil prekosyon
Le gran moun ap pale w
Koute yo, se pou byen w

Pa prese fe mennaj
Renmen neg ki sanble w
Gen anpil neg ki saj
Ki pap pran chans tronpe w

Leave a Comment

This website uses cookies and asks your personal data to enhance your browsing experience.