Watch No Thanks

Ann met tet ansanm

18
May

Written by Bro. Phanex Gene

M kontan nou chita sou tab espiritiel
Pou nou patage ansanm yon repa univesel
Pou nou bwe bon ju ki soti nan siel
Ki pi dous pase siro miel

Nap manje grenn je Bondye
Ki pedi tet li, le moun ap loue
Yon louanj ki soti nan fon ke
Dedie ak li menm sel

Nou pap goumen
Okontre nap renmen
Nap mache men dan la men
Jouk nou rive nan bon pwen

Nou pap batay pou degrabay
Sou te sa, ki pral fin tale konsa
Nap batay kon bon solda
Poun evite kole Jehovah

Ke w te Metodis, Batis
Jou sa a ou pap tris
Ke w te de Die, pentkotis
Nap gen viza gratis
Pou nou tout al jwenn Jezi Kris

E! satan, derespektan
Ou vlem rayi Frem ki gen talan
Ki toujou montrel konpetan
Kap beni nanm pou lontan

Mwen pap rayi moun Bondye beni
Map prie poul gen la vi
Poul kontinye travay jouk sa kaba
Pou kriye alelouya, aba jouda

Le yon frem ap Mennen
Sa vle di mwen pap trennen
Sal posede se pou mwen
Paske nou eritye nan menm byen

Nap chita ansanm chak 2 mwa
Poun bay rwa a tout glwa
Ki te vinn mouri pou sa
Poun kal viv ak li laba a

ANN METE TET ANSANM

Leave a Comment

This website uses cookies and asks your personal data to enhance your browsing experience.